Featured

Neymar fin jwe pou Coupe du monde sa a li gen yon vetebre ki kase

BRAZIL 2014: Apre Brezil bat Colombie 2 – 1 pou li ka avanse nan ka de Final, Neymar p’ap ka jwe ni nan match kont Almayn lan, e si yo avanse li p’ap ka jwe nan final lan tou, paske li gen yon vètebre ki kase. Nan 88 minit Juan Camilo Zuniga ki se yon jwè Colombie, te ba li yon kout jenou nan do. Frakti sa li resevwa, te koz se sou kad yo te vin pran li sou teren an. Yo te kouri ak li lopital.

Neymar1

Doktè Rodrigo Lasmar bay nouvèl sa nan chèn televizyon Bandeirantes ke Neymar p’ap ka jwe rès match nan Coup du monde lan. Neymar p’ap bezwen pou li fè operasyon, men l’ap bezwen trètman pou kab ede li avèk doulè ke l’ap santi. Plis problèm pou Brezil kont Almayn, defansè Thiago Silva sispann pou match ka de final lan paske li resevwa 2 katon jòn nan 2 match konsekitivman.

Neymar

5 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top