FIFA World Cup

Arjen Robben atakan ekip Hollandais an fè eskiz pou plonje li te plonje an

BRAZIL 2014 – Antrenè Mexique lan Miguel Herrera, atake Arjen Robben pou plonje li plonje ki koz abit lan bay yon pènalite pou aksyon sa, e akoz de sa Mexico arive elimine, yo pedi match lan 2 – 1 devan La Hollande, e an plis li blame FIFA paske li chwazi yon abit ki soti nan menm kontinan avèk La Holland pou te abite match lan.

Arjen Robben dive

LI ATIK SA TOU: Mafestasyon kont kadinal Chibly Langlois nan New York paske li sipòte Prezidan Martelly

Miguel Herrera akize Arjen Robben kòm yon odasye. Manadjè ekip Mexico an, fè konnen tou ke ekip li an elimine akoz de yon konspirasi. Li fè konnen se pa yon bèl gòl ki mete yo deyò nan Coupe du monde lan, men pito move desizyon yon abit pran ki lakoz yo elimine. Li kontinye fè konnen rezon ki fè yo elimine se akoz de yon moun ki gen yon souflèt. Li akspte premye gòl lan se fot pa Meksik, men yo te pare pou yo t’ale nan prolongasyon, men lè abit lan envante yon pènalite, ou soti nan konpetisyon an san ke li pa fot pa ou. Li fè konnen Robben plonje 3 fwa pou li te ka kreye pènalite, li te dwe pran yon katon jòn, lè sa, li pa t’ap ka kontinye fè sa a.

LI ATIK SA TOU: Plis move nouvèl pou Brezil Neymar poko konnen si li ap ka jwe match kont Colombie an

Ebyen Robben te arive kreye yon pènalite, pandan jwèt la te prèske fini. Arjen Robben admèt ke li te plonje nan premye mitan. Daprè sa li di pa fwa ou espere yon tak men pafwa li pa rive, e li fè konnen li santi li trè mal pou sa, e se yon bagay li pa te dwe fè, se sa li di nan yon televizyon Hollandais. Men pandan li fè eskiz pou plonje li te plonje an, li kontinye di li te dwe jwenn 3 pènalite. Nan dènye plonje li te plonje an li jire te gen kontak nan fen match lan lè defansè kapitèn ekip Meksiken an Rafael Marquez t’al make li an. Robben di sa se te yon bon pènalite li te ye.

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top