FIFA

Tiraj final pou Coupe du Monde 2014

Fanatik foutbòl, pou “Coupe du Monde 2014” lan gen ekip k’ap jwenn li trè fasil, tan kou Ajantin ki nan Group F. E gen ekip menm ou gen dwa poko wè kouman y’ap fè soti nan group yo a si yon mirak pa fèt pou yo tankou Etazini nan group G an. De tout fason Vakans dete a ap bèl anpil.

Jan nou ap gade group yo la, bagay yo pap tro bèl nan men Etazini, li nan group G ki gen Almayn, Pòtigal, Gana. Group G an parèt kòm yon group lanmò pou Etazini.

 

N’ap gen Brezil nan group A, ki gen Meksik la dan, yon ekip ki toujou bay Brezil anpil problèm. Danje pou Brezil.

Ou jwenn Ajantin menm ki nan group F, e se group ki parèt pi fasil nan group yo. Bon nou swete Mesi prouve’l nan “Coupe du monde” sa a, bagay yo parèt trè fasil nan men’l la.

Group D a se li ki parèt pi difisil nan group yo. Ou gen ladan 3 ansyen chanpyon la dan. Irigwey, Angletè, Itali, sanble Kostarika deja antere san ke antèman li poko fèt. LOL

8 group yo

GROUP A: Brazil, Croatia, Mexico, Cameroon
GROUP B: Spain, Netherlands, Chile, Australia
GROUP C: Colombia, Greece, Ivory Coast, Japan
GROUP D: Uruguay, Costa Rica, England, Italy
GROUP E: Switzerland, Ecuador, France, Honduras
GROUP F: Argentina, Bosnia, Iran, Nigeria
GROUP G: Germany, Portugal, Ghana, USA
GROUP H: Belgium, Algeria, Russia, South Korea

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top