NBA

Mèt ekip NBA Los Angeles Clippers la pa vle mennaj li asosye ak moun nwa

Donald Sterling ( yon moun blan ) ki se mèt ekip basketball ” LOS ANGELES CLIPPERS ” fè mennaj li obsèvasyon paske mennaj la fè yon foto ak ” Magic Johnson ” ki se yon nwa ki te konn jwe pou Lakers e ki genyen plizyè bag chanpyon nan dwèt li. Rezon ki fè Donald Sterling fache se paske mennaj li an te poste foto li ansanm avèk Magic Johnson sou Instagram. Foto an pa sou Instagram ankò. Daprè sa Donald Sterling fè mennaj li a konprann, li pagen dwa pou li ap fè foto oubyen nan pran pa ak jan de moun sa yo. Ki vle di, moun ki gen koulè nwa pa moun ase.
Memphis Grizzlies v San Antonio Spurs - Game One
Sa ki vrèman grav nan sitiyasyon sa se: 1. Los Angeles Clippers se yonn nan ekip ki nan NBA. 2. Nan ekip Los angles Clippers la, majorite jwè nan ekip la se moun ki gen po nwa. 3. Antrenè ekip Los Angeles se yon nwa ki kite BOSTON CELTICS epi li al travay nan Clippers. Nan vye Pawòl ke Donald Sterling di mennaj li a ki se yon ” Mexicaine ” men ki gen yonn nan paran li nwa, li di mennaj la gen dwa pou l kouche ak moun nwa si l vle, li gen dwa vini avèk yo, men sèl sa li mande mennaj la se, li pa vle pou mennaj la promote jan de moun sa yo, li pa vle pou mennaj la vini ak moun sa yo nan match ekip li ( LOS ANGELES CLIPPERS ) . Men Donald Sterling ale pi lwen fè konnen li pa vle mennaj la asosye avèk ankenn minorite, ki gen pou wè ak moun nwa e ni latino nan Amerika. Pwoblèm pou mennaj li se tou lè 2, li se yon Meksikèn nwa
magic
Nan reyaksyon ke anpil moun fè, jwè tankou KOBE BRYANT di, li patap jwe pou yon moun konsa, LEBRON JAMES di ke NBA a pagen plas pou jan de bagay konsa, jwè CLIPPERS yo fache, yo te menm pa vle jwe match playoff yo gen pou yo jwe ak Golden States Warriors.
angeles

9 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top