Featured

BRAZIL 2014: Le gran Maradona parye pou Allemagne genyen final lan.

Diego Armando Maradona ki se lejand foutbòl Ajanten an fè konnen ke seleksyon Argentine nan pa gen ankenn chans pou li bat Allemagne nan final mondial lan.

Apre 24 ane Argentine resi jwenn chans pou li ka jwe yon final nan yon Coupe du Monde. Pou yo ka gen yon 3èm etwal sou mayo yo, yo gen anpil pou yo prouve kont Allemagne pou yo wè si yo te ka eskive Allmand yo sou rout trofe an. Pou anpil moun li pa rèt trè konplike, e menm parèt enposib, pou jan ekip Allemagne lan ap jwe mondial sa a. Se avèk anpil sipriz, Maradona fè konnen ke li pa wè ankenn posiblite ke ekip nasyonal Ajanten an ka genyen Coupe du Monde 2014 lan, malgre yo gen yonn nan meyè Foutbolè nan mond lan, Messi.

MESSI-MARADONA

LI ATIK SA TOU: Pouki rezon pa gen jwè nwa nan ekip Argentine nan?

Diego Maradona ki se ansyen kapitèn ekip Ajanten an 1986 te leve trofe mondial lan nan ane sa a, fè konnen a yon konpayi jounal an Espanyòl MARCA QUE, « l’Allemagne est injouable ». Li pa wè kouman ekip Ajanten an pral kanpe devan Allmagne, paske Messi parèt yon jan fatige. Malgre tout sa li di yo fè sans, men sa parèt trè troublan pou bagay sa yo ap soti nan bouch Maradona, ki se yon idòl pou Ajanten yo,ak anpil fanatik Ekip lan pou prèske 30 ane.

Men li di tout bagay sa yo, eske se paske li pa vle Messi rive nan menm otè ak li, oubyen depase li nan sa li fè, oubyen li jis pa vle ankenn moun konpare li ak Messi. Maradona se te antrenè seleksyon Ajanten an, nan Coupe du Monde 2010 lan ki te fèt , nan Afrique du Sud.

12 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top